Article
Jounalis yo bay yon « remèd » pou konbat fo nouvèl sou COVID-19 la, dapre chèf Nasyonzini an
Sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini an mande pou yo pwoteje pi plis toujou jounalis k ap bay « remèd » kont sa li kalifye pandemi fo nouvèl sou kriz COVID-19 la.
António Guterres lanse nan yon mesaj videyo jounen mondyal libète laprès la, ki se dimanch sa. Nan mesaj sa, li peze sou gwo wòl medya yo jwe nan ede moun pran desizyon apati bon enfòmasyon.
Li ajoute, nan moman sa yo, desizyon yo kapab fè diferans ant lavi ak lanmò.
« Pandemi COVID-19 la k ap vale teren kreye yon nouvèl, nouvèl sa se fo nouvèl, kote yon seri konsèy sante ki kapab fè anpil dega jwenn ak yon seri tewori sou konplo », se sa chèf ONI an deklare.
« Remèd la se laprès : enfòmasyon ak analiz ki verifye, ki syantifik, epi ki chita sou reyalite », se sa l ajoute.
Alòs kriz COVID-19 la vin pi grav, chèf Nasyonzini an ak Òganizasyon Mondyal Sante a (OMS) konsantre yo sou batay kont « dezenfodemi » an ki mache ak kriz COVID-19 la.
Finisman mwa mas la, Sekretè Jeneral la anonse lansman yon estrateji kominikasyon pou batay kont tewori fo nouvèl la ak tewori konplo sou maladi a, de (2) tewori k ap vale teren.
Mesye Guterres rele gouvènman yo pou pwoteje jounalis yo ak lòt moun k ap travay nan medya yo epi respekte libète laprès.
Dapre li, menm si l enposib pou ta retire pou yon ti tan libète sikilasyon pou konbat Covid-19 la, « sa pa dwe yon pretèks pou anpeche jounalis travay. »
Reprezay kont jounalis
Sou bò pa l, yon espè endepandan Òganizasyon Nasyonzini nan kesyon dwa moun, montre depi kòmansman eklatman maladi a, li resevwa « temwanyaj krèvkè » reprezay kont jounalis, sou pretèks y ap pataje fo nouvèl.
David Kaye, ki se Rapòtè espesyal sou pwomosyon ak pwoteksyon dwa libète opinyon ak eskpresyon, bay temwanyaj sa yo jarèt nan dènye rapò l nan Konsèy dwa moun nan Nasyonzini an, k ap sipèvize manda l la.
Mesye Kaye peze sou gwo wòl yon laprès lib, sitou lè gen kriz sanitè.
Dènye mwa sa yo, medya endepandan yo te « zouti esansyèl pou enfòme piblik la », li kontinye pou l di, jounalis yo dekouvri manti gouvènman yo pandan y ap ede moun nan tout mond lan konprann karaktè ak fòs pandemi an.
Se poutèt sa, anprizone jounalis yo paske yo fè travay yo ale dirèk dirèk kont obligasyon pou garanti yon anviwònman ki bon pou medya yo, se sa l deklare. Ozalantou 250 jounalis nan mond lan nan prizon nan moman sa a, dapre enfòmasyon Komite pou pwoteksyon jounalis yo.
« Nan yon moman kote epidemi yo ap pwopaje nan prizon yo, gen revelasyon sou jan anprizònman yo bay dlo nan je, sa ki vin yon gwo vye lapèn anplis ki kapab lakoz maladi ak lanmò », se sa Mesye Kaye deklare. Mesye Kaye pa manm Nasyonzini, epi Òganizasyon an pa peye l.
« Fòk kriminalizasyon metye jounalis la sispann. Sa kapab kòmanse nan liberasyon jounalis yo prese prese », se sa l ajoute.
Nan mesaj li pou Jounen libète laprès la, chèf Nasyonzini an remèsye medya yo « ki pote pou nou reyalite ak limyè, ki mete dirijan yo, tout sektè alawonndadè, devan zak yo, epi ki di verite ki deranje. »
An patikilye li salye « sila yo ki sove lavi nan enfòme sou sante piblik ». « Epi nou rele gouvènman yo pou pwoteje pwofesyonèl medya yo, epi ranfòse ak pwoteje libète sa laprès genyen an ki nesesè pou gen yon demen nan lapè, nan jistis ak respè inivèsèl dwa moun », se sa l fini pou l di.